Pou La Vi

Dro X Yani

Compositor: Não Disponível

Sonje mwen te lekòl
Yon profesè panyòl
Manzè te toujou di
Kijan bagay yo pral pase
Li te konn rakonten
Lè nou fini lekòl
Tout baz gen pou kraze
Tout bon patnè pral separe

Anpil lan nou pral vwayaje
Pou nou ka ale etidye
Konsa gen sa kap ret soude
Se pa fasil pou sa rive
Tout bon patnè pral separe
Nou g'on avni pou nou fòme
Gen sa nou pap janm rankontre
Apre 10 zan gen sak chanje

Ou tande kriye -kriye
De zanmi kap separe
Ou tande rele -rele
Se lè yap kontrole
Ou tande kriye -kriye
Gen sa ki pa vle ale
Ou tande rele -rele
S'on baz ki pral kraze

Anpil lan nou pral vwayaje
Pou nou ka ale etidye
Konsa gen sa kap ret soude men
Se pa fasil pou sa rive
Tout bon patnè pral separe
Nou g'on avni pou nou fòme
Gen sa nou pap janm rankontre
Apre 10 zan gen sak chanje

Menmsi nou separe
Lanmou an pap chanje
Menm si n mpa menm kote
Nou nan kèm pou la vi

Lavi ka menen n lwen
Fè nou fè lòt chimen
Men nan kèn
Nou ret zanmi
Pou la vi

Lavi ka menen n lwen
Fè nou fè lòt chimen
Men nan kèn
Nou ret zanmi
Pou la vi

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital